13- Kijan w aktive OMNI Prime?

Ou bezwen achte sou entènèt? Ou pa genyen yon kat ?


OMNI Prime se yon kont spesyal OMNI Kredi pote pou ou ki pèmèt :


1- Ou verifye kont ou pou OMNI NOVAS konnen byen kiyès ou ye


2- Ou genyen yon kat prepeye ki ka rechaje pou yon montan ki rive jis ka $1000 US. Ou ka depanse $1000 US chak jou. Si w vle depanse plis, ou dwe pase nan nivo 2.


3- Ou kreye pwòp biznis pa w andedan app OMNI Kredi an sou OMNI Market pou w ka vann nan nenpòt ki peyi


4- Ou ka aksepte pèman ak kat debi, kat kredi, Zelle, CashApp, Venmo, PayPal, MonCash, NatCash, elatriye nan nenpòt ki peyi nan mond lan


5- Ou ka peye nenpòt ki bagay nan mond lan san w pa bezwen deplase


6- Ou ka depoze sou kont nenpòt moun nan mond lan san w pa bezwen deplase depi moun nan genyen yon kont labank, yon kat kredi ki apwouve pou “Instant Payout”


7- Ou ka fè rezèvasyon tikè, otèl, vwayaj, elatriye, andedan aplikasyon an elatriye


8- Ou ka fè fanmi w, zanmi w ak lòt moun ki lòt bò fè depo sou kat ou dirèkteman pou ou andedan aplikasyon OMNI Kredi a tankou se te transfè ou tap resevwa

Ou peye sèlman $3,5 US chak mwa pou tout sèvis sa yo epi ($30 pou yon ane) ou ka renouvle li chak ane. Kont OMNI VIP a koute $7 US chak mwa e ou ka fè pi gwo tranzaksyon pase sa.


Ak OMNI Prime OMNI Kredi ba w aksè pou w genyen yon kat debi prepeye otomatikman epi ou ka achte tout saw vle andedan app la menm. Kit se pou w achte sou entènèt, touche nan men lòt moun ak vann pwòp pwodui pa w, OMNI Kredi pèmèt ou fè sa ak kont OMNI Prime ou kote ou genyen yon kat ki pèmèt ou depanse jouk rive $1000 chak jou e ou ka depanse plis pase sa lè ou genyen yon kont ki verifye nan nivo 2. Se yon kat prepeye VISA ki ka itilize tout kote yo aksepte kat VISA.

Ne trouvez-vous pas ce que vous cherchez?

Faites-nous savoir les détails de votre question. Nous vous contacterons!